Arestasyon Orthéla Celondieu pou vyòl sou yon pitit fi li 12 lane

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
arestasyon orthéla celondieu pou vyòl sou yon pitit fi li 12 lane

Ajan BSAP yo rive arete ayè mèkredi 9 dawout 2023 a Orthéla Celondieu, yon nonm 34 lane ki ta fè kadejak sou yon pitit fi li ki gen 12 lane nan Site Grasya, komin Wanament.

Ajan yo te rive mete lapat sou nonm lan aprè yon gran sè tifi a te enfòme lapolis sou aksyon malonèt nonm lan ta fè sou pwòp pitit li. « Se pandan l ap sot fè twalèt li, epi mwen wè li tris, mwen mande l sa l genyen? Li di m papa l vyole l », deklarasyon gran sè a fè bay lapolis. Toujou daprè pawòl gran sè a, sa pase nan lannwit 8 dawout 2023 a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè ajan BSAP yo te fin tande temwanyaj gran sè a, san pèdi tan, mete men sou sitwayen sa ki gen 34 lane.

Pou kounya, Orthéla Celondieu twouve l nan yon komisarya Wanament ap tann lajistis pwononse santans li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.