Ansyen enspektè divizyonè nan Lapolis la, Jean Milhomme, jwenn arestasyon l jodi mèkredi 10 me an nan peyi Etazini, prensipalman nan Eta Philadelphie, daprè sa biwo kominikasyon PNH la fè konnen.
Ansyen Wo grade PNH la ki te gen avi rechèch dèyè l pou enplikasyon l nan atak ame ki te reyalize kont pòs polis nan Matisan 23 a, jwenn arestasyon l nan peyi Etazini jodi mèkredi an aprè plizyè mwa nan mawon.
Ansyen enspektè Jean Milhomme ki te refijye nan peyi Etazini depi aprè atak endividi ak zam te fè kont baz Lapolis nan Leclerc an twouve l pou kounya dèyè bawo aprè Entèpòl fin met men sou li jodi mèkredi an.
Daprè otorite Lapolis yo, sitwayen sa ta pral boude plizyè envitasyon Direksyon jeneral Lapolis la ak enspeksyon jeneral te voye ba li pou te kapab reponn kesyon sou ensidan Leclerc an kote bandi yo te pote ale yon latriye materyèl Lapolis.
Facebook Comments