Ariel Henry pwomèt yon èd ijan pou ede viktim “Marché 2000” yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry pwomèt von èd ijan pou ede viktim marché 2000 yo

“Marché 2000” Dèlma 29 la te ravaje ayè lendi 12 jen 2023 sa nan yon dife okenn moun pa konnen orijin li. Premye minis Ariel Henry eksprime enkyetid li sou katastwòf devastatè sa ki lage anpil malere ak malerèz de bra balanse.

Kòm repons, Chèf gouvènman an ki te sòti Jamayik aprè li te fin patisipe nan dyalòg sou kriz ayisyen an, montre solidarite ak machann ki frape yo e li pwomèt yo, nan non gouvènman an, “yon repons ijan”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon tweet, lokatè Primati a di li te choke aprann dife ki te pran machandiz machann yo. Se sak fè, li pwofite eksprime senpati li ak solidarite gouvènman l lan ak machann viktim yo.

Yon lòt bò, Chèf gouvènman an ki te sòti Kingston, kapital peyi Jamayik, di li bay Lapolis ak otorite piblik yo enstriksyon pou yo mennen, pi vit posib, yon ankèt pou yo ka detèmine orijin dezas sa.

Mete sou sa, Ariel Henry pwomèt yon èd ijan bay viktim yo nan lide pou yo konpanse yon pati nan pèt yo anrejistre yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.