Gang Vitelòm lan kidnape jounalis Marie Lucie Bonhomme epi libere l kèk tan aprè

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
gang vitelòm lan kidnape jounalis marie lucie bonhomme epi libere l kèk tan aprè . kredi foto telepluriel

Jounalis Marie Lucie Bonhomme, nan Radio Vision 2000, sibi yon zak kidnapin byen bonè madi 13 jen 2023 a, nan rezidans prive li ki nan komin Taba, anba men nèg ak zam ki fè pati gang Kraze Baryè a. Erezman, li te jwenn liberasyon l kèk tan aprè.

Vè 3è nan maten, prèske trant gason gwo zam nan men antre anndan lakay jounalis prezantatris lan, fòse l pran pwòp machin li, epi ale avè l jis nan baz gang sila k ap opere nan komin Taba ak Petyonvil.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Rive sou plas, prezantatris senyò a te reponn kesyon chèf gang Vitelhomme Innocent an pèsòn, ki ta pral bay lòd pou libere l kèk tan aprè.

Yon eksperyans Marie Lucie Bonhomme dekri kòm yon move rèv, daprè moun ki pwòch li yo Radiographie site kòm sous.

Sonje gang Kraze Baryè a yo souvan rele “Gang Vitelòm” lan abitye fè kou sa yo kont divès rezidans nan komin Taba, kote li fè plis abi aprè Petyonvil. Dènyèman, rezidans ansyen senatè Evalière Beauplan te sibi yon atak anba men menm gang lan, se gras a yon entèvansyon lapolis rapid ki te fè bandi yo kouri.

 

Kredi Foto : TelePluriel

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.