Asasina Jovenel Moïse : Rodolphe Jaar kondane pou pase tout rès vi l nan prizon

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
asasina jovenel moïse rodolphe jaar kondane pou pase tout rès vi l nan prizon

Akize kòm youn nan gwo tèt plan ki mennen sou asasina Prezidan Jovenel Moïse la, Rodolphe Jaar kondane pou pase tout rès vi l nan prizon aprè desizyon jij federal José E. Martinez pwonose jodi vandredi 2 jen 2023 a.

Dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la ki devan lajistis nan peyi Etazini depi plis pase yon lane, bay yon premye kondane ki se biznismann ayisyen Rodolphe Jaar, aprè desizyon sa ki sòti nan yon Tribinal federal nan Miami jodi vandredi an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Akize a ki te plede koupab sou chaj ki genyen kont li yo, jije epi kondane pou pase tout rès vi l nan prizon. Rodolphe Jaar te admèt li te ede mèsenè kolonbyen yo jwenn mwayen pou te kapab rive asasinen ansyen Chèf Leta ayisyen an lakay li nan dat 7 jiyè 2021.

N ap raple, nan menm kad dosye sa, genyen plizyè lòt moun ki ta gen enplikasyon yo nan dosye sa ki twouve yo nan prizon nan peyi Etazini k ap tann jijman yo.

Pandan liy yo parèt ap bouje nan peyi Etazini nan kad dosye sa, se prèske totalman diferan an Ayiti kote dosye asasina ansyen prezidan ayisyen an toujou nan kabinè enstriksyon, nan men majistra Walter Wesser Voltaire k ap mennen l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.