José Mourinho pa lwen resevwa sanksyon nan men UEFA

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
josé mourinho pa lwen resevwa sanksyon nan men uefa

Enstans kap jere etik ak disiplin pou UEFA a pa lwen sanksyone José Mourinho pou move konpòtman ak vye pawòl kont Abit Anthony Taylor nan kad final Euopa Lig la, mèkredi pase a. Antrenè AS Roma a te al tann abit la nan Parking estad Puskas Arena a pou manke l dega sou kèk desizyon li te pran kont ekip li an.

Mourinho pèdi kontwòl li nan final Euopa Lig la ki te mete AS Roma bab pou bab ak FC Seville. Yon final ki te gen anpil anje ladanl. Antrenè a t ap jwe 6èm final ewopeyen li, li pa t ko janm pèdi youn. Yon lòt bò, FC Seville t ap jwè 7èm final li nan konpetisyon an. Yon final klèb espanyòl la genyen nan pennalite aprè 1-1 nan tan reglemantè yo. Klèb espanyòl la pran 7èm twofel li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè match la, antrenè 60 lane a te di abit la, Anthony Taylor, pawòl ki deplase. Daprè UEFA, José Mourinho te itilize yon langaj ensiltan, sa ki lakoz enstans k ap jere etik ak disiplin nan UEFA a kapab sanksyone l. Yon videyo nan Pakin estad la montre sa.

Abit la menm resevwa lòt ensilt bò kote fanatik women yo ki di l yon ekip vye pawol epi manke fanmi l dega. Menm gen yon sipòtè ki rive jwen arestasyon l aprè l te fin agrese abit 44 lane a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive