Atlèt Jwèt Olenmpik yo ap resevwa plis pase 200 000 kapòt pou yo itilize

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
atlèt jwèt olenmpik yo ap resevwa plis pase 200 000 kapòt pou yo itilize

Jwèt Olenmpik yo ap fèt ete sa nan vil Pari. Òganizatè yo pa vle pran anyen lejè, yo menm prevwa ofri plis pase 200 000 kapòt pou atlèt k ap patisipe nan evennman sila a.

Chaje maladi moun trape nan fè bagay. Komite ki responsab Jwèt Olenmpik Paris 2024 yo pa vle maladi sa yo kontre atlèt yo. Se nan sans sa yo prevwa distribiye prezèvatif pou konkiran sa yo pandan peryòd evennman sa k ap kòmanse 26 jiyè pou l fini 11 dawout la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vilaj Olenmpik la pare pou l resevwa 14 500 atlèt, fi melanje ak gason. Kwasans ki gen nan pwopagasyon maladi moun trape nan fè bagay preyokipe òganizatè evennman espòtif la anpil. Se sa ki mennen desizyon sa.

Anplis 200 000 kapòt pou gason, yo prevwa 20 000 kapòt pou fanm. Yo kòmande tou 10 000 prezèvatif ki pa gen latèks epi 20 000 “digues buccales” (yon objè ki itil pou moun k ap fè sèks nan bouch). Nan poliklinik vilaj la ki chita kò l nan Saint-Denis, ap gen plan depistaj VIH pou atlèt yo.

Òganizatè Jwèt Olenmpik yo mete aksan sou “risk ki lye ak sante seksyèl pami risk enfeksyon ki ka gen nan peryòd la. Yo fè konnen pafwa atlèt yo konn pa itilize pwodwi yo sou plas, men yo al lakay yo avè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.