Ayè mèkredi a tè a souke nan plis pase 5 kote nan peyi a daprè Volcano Discovery

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ayè mèkredi a tè a souke nan plis pase 5 kote nan peyi a daprè volcano discovery

Daprè sa sit Volcano Discovery fè konnen atravè done li pibliye Mèkredi 23 fevriye 2023 a, tè a te souke omwen 6 kote nan peyi a soti minwi pou rive midi.

Daprè done Volcano Discivery yo, tranblemann tè ki te pi fò nan jounen Mèkredi a te gen yon mayitid 3.3, apre sa ki te revize 4.3 ki te anrejistre madi nan aswè nan Marigo, ki pa lwen Jakmèl, te pase a 10 : 56 nan 53 km nan Pòdepè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, episant tranblemann tè sa a, ki sitiye nan Saint-Louis du Nord nan Oseyan Atlantik la, parèt nan yon pwofondè 5 km.

Se sak fè, Volcano Discovery avèti gen lòt ti tranblemann tè ki ka pase tou prè episant lan.

Li enpòtan pou nou konnen, kèlkeswa kote nou ye nan moman yon tranblemann tè, nou dwe pran abri imedyatman. Si sa nesesè, ale yon kote ki an sekirite ki tou prè epi rete la jiskaske tranbleman an sispann. Rete andedan kay la pran refij anba mèb lou, tankou yon tab, biwo, kabann, oswa nenpòt mèb ki solid.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.