Depi plizyè lane peyi a ap fè fas ak yon kriz ki gen plizyè dimansyon, yon kriz ki ap vin pi grav chak jou k ap pase, sa ki vin lakoz deplasman masiv yon pakèt sitwayen ayisyen nan peyi a pou ale lòt kote. Vrèman vre, Ayisyen yo reprezante pi gwo kantite moun k ap chèche azil nan peyi Kanada pou lane 2022 a.
Daprè RFI, peyi Kanada ap fè fas ak yon gwo kantite demann azil, sitou nan men Ayisyen k ap chèche yon lavi miyò nan peyi etranje yo. Anpil nan imigran sa yo travèse yon douzèn peyi anvan yo rive nan peyi Kanada.
Jounal la fè konnen sou yon total de 2.400 dosye peyi Kanada te resevwa nan lane 2022 a pou mande azil, pi gwo kantite a se te Ayisyen k ap kouri kite peyi a akòz vyolans gang yo. Meksiken yo ak Kolonbyen yo vini apre.
N ap raple pwosesis pou mande azil la dwe nòmalman pran 2 lane, men sepandan imigran k ap mande azil la oubyen k ap aplike pou demann azil la gen obligasyon pou l pwouve lavi li menase akoz yon aktivite l ap mennen tankou yon aktivite kote vi l menase, oswa vi mari l oubyen madan m li menase, sa ka rive tou vi aplikan an danje akoz oryantasyon seksyèl li.