Noël Le Graët takle Zidane ak Benzema  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
noël le graët takle zidane ak benzema  

Prezidan Federasyon Foutbòl Fransè (FFF) a fè kèk gwo deklarasyon nan yon entèvyou li bay nan mikwo RMC Sport dimanch 8 janvye a, pou l takle ansyen chanpyon Mondyal 1998 la ak nouvo gayan Balon dò 2022 a. Yon deklarasyon ki kreye anpil polemik sou rezo sosyal yo. 

Nan yon entèvyou sou RMC Sport, presidan federasyon foutbòl fransè a pat mete dlo nan bouch li pou l te pale sou Zidane ak Benzema. Kesyon li te reponn sou dosye 2 ansyen jwè ekip Lafrans lan choke anpil fanatik foutbòl.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Poze l kesyon sou lejand foutbòl fransè a, ki pran mondyal 98 la, ki te vle vin ranplase Didier Deschamps nan tèt seleksyon fransè a, li te reponn konsa : 

 » M pa bay misye regle anyen pou mw, li ka ale kote l vle ! Nan yon klèb, oubyen yon seleksyon. M prèske pa anvi konnen sa ki konsène l. Èske l te kontakte m ? Non, m pa tap menm pran apèl li. » 

Nimewo 1 federasyon an pat rete la, li te reponn kesyon sou fòfè Bezema nan Mondyal 2022 a , kote l fè konnen :  

« Karim Benzema rekòmanse antrene lè  konpetisyon an te fini, se pa avan. Wi, sa vle di m regrèt. Men m di tèt mw Giroud pa tap jwe si l te la epi nou pa t ap fè tout gòl sa yo. » 

Anpil fanatik ap tann repons Zidane ak Benzema, ki kapab vini nan mitan semèn lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive