Ayiti-Aktyalite : Diktati Ak ensekirite nan peyi Dayiti, anpil moun pran lari pou di non

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Plizyè Milye moun pran lari yon lòt fwa pou di non ak ensekirite e reklame depa Jovenel Moïse.

Sou inisiyativ plizyè regwoupman nan sosyete sivil la ak sektè pwotestan , Jodi dimanch 28 févriye 2021an Plizyè milye moun te sòti nan lari nan divès kwen nan peyi ya espesyalman nan pòtoprens pou di non ak ensekirite epi reklame depa prezidan Jovenel Moïse manda li fini Depi 7 fevriye ki sot pase la, selon atik 134-2.

- Advertisement -
Ad imageAd image

pwotestatè yo sou tout pakou yo t ap lanse anpil mesaj bay kominote entènasyonal la pwofite mande pou desolidarize yo ap prezidan Jovenel Moïse manda l fini depi 7 févriye e ki vle enstore yon diktati nan peyi Dayiti.

Yon manifestasyon ki te rasanble  2 kote diferan , soti sou plas konstitisyon sou chanmas pase nan Kafou ayòpò antre nan Delma 40B ,manifestasyon an te dewoule san ensidan pou al bout Devan lokal BINUH an epi pwofite lanse mesaj piman bouk bay reprezantan BINUH an madam Hélène Lalime.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article