Ayiti-Aktyalite: Moïse Jean Charles VS André Michel < divizyon oswa Opozisyon an dekonpozisyon>

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Jan sa te anonse pou ayè Mèkredi 18 novanb lan plizyè òganizasyon ak pati politik te manifeste nan plizyè kwen nan peyi nan kad komemorasyon 217 lane batay vètyè ya.

Pami yo pati politik pitit desalin ki gen nan tèt li kòm majò jon ansyen Senatè Nò an Moïse jean Charles foule beton an soti kafou ayopò pou al bout devan anbasab ameriken nan komin Taba.

- Advertisement -
Ad imageAd image

nan mesaj li te pataje a lidè platfòm Pitit Desalin denonse enjerans peyi lèzetazi nan politik entèn peyi dayiti epi pwofite choute ak tout vitès sou kèk manm nan sektè demokratik la.

Nan deklarasyon li Moïse Jean Charles fè konnen genyen gran nèg ki bay moun sektè popilè a lajan pou yo fè tenten e bisnis yo se sou wout ayopò a yo e li fè konnen yo pè vini devan anbasad blan meriken yo.

Ansyen senatè a fè konnen li santi l fyè paske li yo trake l anpil nan radyo e li rive atenn objektif li, kise rive devan anbasad ameriken poul te delivre mesaj li.

 

Nan menm mesaj sa nimewo 1 Pitit Desalin nan mande jounalis Jean Monard ak Mèt Morin desann vin jwenn yo, e li atake dirèk Mèt André Michel ak Doktè Schiller Louidor kòm yon bann vòlè ki san moral.

Steven Aristil

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article