Ayiti-Aktyalite: Plizyè dizèn moun al mande azil nan anbasad ameriken akoz vi yo an danje

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Aprè asasina prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 7 pou rive 8 jiyè 2021 an, jodi vandredi 9 jiyè 2021 an , plizyè dizèn moun te deplase al devan anbasad ameriken Pou yo mande azil Pou kite peyi a.

Selon temwanyaj kèk nan yo, yo fè konnen si prezidan peyi a Ki pi pwoteje kise Jovenel Moïse, yo rive asasinen l, Kiyès yo ye yo menm Pou ta santi yo an sekirite nan peyi a, plizyè nan yo deklare yo vini devan anbasad la Paske vi yo an danje pa gen sekirite , yo vin mande responsab yo Pou tande kri yo e Pou yo aji yon fason pou sove lavi sila yo kapab.

- Advertisement -
Ad imageAd image

2 jou aprè zak asasinay ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse, premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph mande Etazini kout men pou yo kapab byen mennen ankèt la yon fason pou kapab rann jistis ak ansyen prezidan an.

Steven Aristil

[email protected]

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article