Ayiti dwòg/ Arestasyon:Lpolis mete men sou Eliobert Jasmin a.k.a Eddy One ak 2 polisye

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Ayè  madi 27 Oktòb la, Lapolis poze la pat sou Eliobert Jasmin yon trafikan dwòg ke anpil moun konnen sou non Eddy One ansanm ak 2 polisye ki se Monpremier Alex ak Dieudonne Ysa.
Nouvèl yo rapòte ke Eddy one te jwen


li nan zòn Leogane li te abò yon machine ki gen ladanl bagay ki ta sanble ak dwòg kokayin, 2 polisye yo ki ta gen bon jan kòkòday ak Eddy One, jwen arestasyon yo Sou wout Gressier machin yo te ladanl la te gen 2 gwo manch long ladanl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nap raplew ke Elliobert Jasmin alyas Eddy One se yon trafikan ki te gen yon gwo konpayi konstriksyon ki te abitye finanse kanaval, nan lane 2003leta Ayisyen te arete li epi pimpe li Ozetazini jan DEA te mande sa.

Yon sous ki otorize fè konnen ke polisye Monpremier Alex li menm yon ajan 2 ki nan BIM abitye fè sèvis detache kòm kondikyè motosiklèt nan kòtèj plizyè DG PNH la, e aktyèl DG a Normil Rameau.

Pou kounya gen preparasyon kap fèt pou transfere 3 mesye sa yo nan DCPJ pou reponn kesyon anketè yo.

kredi : Tripotay Lakay

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article