Ayiti-Ensekirite : Lapolis nan komin Aken met lapat sou 2 kidnapè

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Lapolis nan komin Aken ak sipò pakè komin nan met lapat sou 2 endividi jodi lendi 14 desanm 2020 an,aprè yo te fin kidnape yon ti jèn gason 17 lane aprè midi a nan yon zòn yo rele ( Jon ) ki twouvel nan dezyèm seksyon komin Aken.

Frantz Gourdet ak Marther Hyppolite, se konsa 2 endividi sa yo rele,selon enfòmasyon komisè gouvènman Aken pataje sou dosye sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon enfòmasyon yo, ravisè yo te mande fanmi jèn gason an 30 mil dola ameriken pou yo te ka libere l, sa ki pat rive fèt akoz lapolis ak lajistis te gentan devanse ravisè yo.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article