Ayiti : kèk estrikti politik plede pou yon akò ki garanti estabilite politik ak ekonomik 

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
Foto : RTS

Gwoupman estrikti politik ki pa aliye yo plede pou yon akò pou garanti estabilite politik, ekonomik ak sosyal an Ayiti.  Òganizasyon sa a fè konnen pozisyon li nan yon dokiman ki pibliye lendi 31 Oktòb 2022 a. 

Kriz Ayiti a soti nan difikilte pou nou pataje menm lide”.  Sa a se analiz Gwoupman Estrikti Politik ki pa aliye yo  fè. Kidonk, òganizasyon sa a pwopoze yon akò ki ka fasilite yon konsansis nasyonal.  Akò sa a, ede mennen peyi a nan direksyon yon tranzisyon politik san pwoblèm. 

Nan yon dokiman ki pibliye lendi 31 oktòb sa a, antite a fè konnen akò sa a dwe garanti estabilite politik, ekonomik ak sosyal. Li dwe prevwa tou pwosesis elektoral la.  Yon eleksyon ki dwe fèt san patizan, dapre sa  estrikti a fè konnenl. 

Regroupman Estrikti Politik ki pa Aliye yo defann lide pou rasanble fòs vivan nasyon an kòm yon mwayen pou rezoud kriz la.   

Òganizasyon politik sa a fè referans ak akò ki egziste deja tankou: Montana, PEN, Unitarien, elatriye. Daprè estrikti sa, akò sa yo pa gen merit pou satisfè defi politik ak sosyo-ekonomik yo. 

Gwoupman estrikti politik ki pa aliye yo di dezòd  toujou ap fèt nan peyi a malgre akò yo siyen ak aktè ki soti nan diferan orijin.  An konsekans, gwoup sa a plede an favè yon akò  global. 

Estrikti ki pa aliye yo reklame yo te gen distans kritik pou idantifye limit tout akò pasyèl yo.  Mezi sa a te pran yon fason pou fasilite entegrasyon kolektif yo nan yon akò entè-ayisyen ale pi lwen pase tout dezakò yo eksprime, ajoute dokiman ki pote siyati anviwon kenz lidè òganizasyon politik yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.