Ayiti nan gwoup ak Angletè pou Mondyal fanm yo

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ayiti nan gwoup ak angletè pou mondyal fanm yo

Aprè yon kalifikasyon istorik fas ekip Chili a (2-1), Grenadye yo konnen advèsè y ap genyen pou yo afwonte nan match faz gwoup yo, pou mondyal fanm yo nan Peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland. 9vyèm edisyon sa a ap fèt 20 jiyè pou 20 dawout 2023. Ayiti nan gwoup D a ak Angletè, Dànmak epi Lachim.

Aprè bèl viktwa istorik ekip Ayiti a fas Chili (2-1) nan kad baraj pou Mondyal fanm yo. Ayiti konnen Advèsè li pou Mondyal fanm yo kap òganize nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland. Grenadye yo ki tonbe nan yon gwoup difisil kote y ap gen pou yo jwe fas Angletè, Dànmak ak Lachin.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Angletè se ekip ki sot pran Koup Ewop la fas akip Almay la (2-1, a.p). Ekip Dànmak la li menm sot patisipe nan menm konpetisyon sa pap yon advèsè fasil pou koyekipye Corventina yo. Lòt gwo moso nan gwoup D a, se Lachin ki sot pran Koup Azi a e ki gen jwèz k ap jwe nan PSG.

Pou Mondyal 2023 sa a nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, Ayiti pral kontinye avanti li nan konpetisyon sa fas kèk advèsè ki nan wo nivo a. Grenadye yo ap kapab konte sou talan ak dimanik gwoup sa pou yo fè yon bèl tounwa pou 9vyèm edisyon Mondyal fanm yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive