Ayiti-Politik: MTV AYITI prezante responsab kwòdinasyon rejyonal ak kominal li yo

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Ayè samdi kite 12 desanm 2020, pati politik MTV AYITI ki gen nan tèt li Dr Réginald Boulos kòm prezidan prezante bay piblik la manb kwòdinasyon pati a nan chak depatman ak komin ki nan peyi a, nan yon rasanbleman ki pote nom ( Rasanbleman Nasyonal 2020 ),kite fèt nan lokal pati a ki twouve li nan petyonvil.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan prezans plizyè santèn moun,ki soti nan plizyè zòn nan peyi a, sete nan yon anbyans kè kontan ak fratènite,animasyon mizikal ak dans tradisyonèl yo te lanse jounen aktivite sa nan prezans tout gwo chèf ki nan pati a, nou ka site kèk nom tankou :Dr Réginald Boulos, Dr Émile , Schultz Cazir , Finley Cius Ak plizyè lòt moun ankò ki fè pati de direktwa pati a te prezan nan kad aktivite sa.

Schultz Simpssie Cazir kise sekretè pati politik sila te gen wòl jou sa poul te prezante istorik ak kijan pati a ap evolye depi anviwon yon lane.

Nan diskou prezidan pati a kise Réginald Boulos, antreprenè reyisi a fè konnen lè MTV AYITI pran pouvwa a yap kreye 100 000 anplwa chak ane e li te deside tou pwofite choute sou pouvwa an plas la ak koze dekrè yap soti nan dènye moman sa yo.

Prezidan pati politik MTV a fè konnen nan tout sa lap fè, li toujou anime ak yon sèl volonte kise kreye travay, poul ka fè lespwa souri nan peyi a.

Prezidan pati a kontinye poul fè konnen yap travay pou yo patisipe nan eleksyon kap vini la nan tout nivo soti nan azèk pou rive nan pòs ki pi wo a kise prezidan,yon lòt kote li fè konnen pozisyon MTV a pa chanje sou kesyon manda prezidan an ki dwe bout 7 fevriye 2021 kap vini la selon sa konstitisyon an di.

Poul te fini doktè Boulos pat rete endiferan sou koze ensekirite kap taye banda nan peyi a sitou nan kapital la pandan kèk tan, e li pat mete dlo nan bouch li poul te mande fòk nou konn kote 60 milyon dola kite debloke pou kowona a pase e kontinye egzije mande pwosè petwo karibe a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè rasanbleman sa MTV pap kanpe yap kontinye avanse ak pwojè pati a kap pwone yon lòt kalkil, e ki vle entegre dyaspora yo, jèn yo, peyizan yo ak etidyan yo. Yo kase randevou pou yon rasanbleman konsa pou yon dat yo poko defini nan yon depatman ki poko deside.

 

Kredi Foto:Twitter Richard Senecal

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article