Ayiti pral fini travay li fas ekip Bermudes lan

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
ayiti pral fini travay li fas ekip bermudes lan

Aprè viktwa Grenadye yo fas ekip Montserrat (4-0), yon viktwa ki bay seleksyon nasyonal la yon plas nan Lig A Nasyon yo epi yon biyè pou Gold Cup 2023. Jodi madi a, jwè Pierre Jean Jacques yo pral afwonte ekip Bermudes lan, yon ekip ki konn bay Grenadye yo kèk problèm nan zòn CONCACAF la.

Misyon ekip Pierre Jean Jacques la akonpli depi fas Montserrat (4-0), ki se monte nan Lig A Nasyon yo epi pran yon biyè pou Gold Cup 2023 a, yon konpetisyon seleksyon nasyonal la, kalifye yon 3zyèm fwa youn deyè lòt.

Sou direksyon abit Salvadoryen an, Melvin Orlondo Mataromos, koyekipye Duckens Nazon yo pral chache yon viktwa nan estad Panamericano de San Cristol bò 6 zè nan Repiblik Dominkèn.

Teknisyen ayisyen an, Pierre Jean Jacques gen 2 chwa : mete ekip B li a pou tout moun ka rive jwe, oubyen al chache viktwa pou konfyans ak mantal ekip la ka rete soude.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article