CONMEBOL la rann yon gran omaj ak Lionel Messi

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
conmebol la rann yon gran omaj ak lionel messi

Avèk viktwa nan dènye Koupdimond lan, Lionel Messi rantre pi plis toujou nan lejann foutbòl mondyal la. Ayè lendi an, Konfedersyon sid-amerikèn foutbòl la (Conmebol) devwale yon estati nimewo 10 ajanten an pou rann li omaj.

Aprè bèl akèy pèp ajanten an ofri l ak rès ekipye li yo pandan trèv entènasyonal sa, Lionel Messi resevwa yon lòt gwo sipriz ankò kote Conmebol la devwale yon estati pòtrè l ak mayo seleksyon Ajantin lan ki kenbe twofe Koupdimond lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si Pulga a pa t gen dwa ak yon vrè selebrasyon pandan retou li nan PSG aprè Koupdimond lan, se totalman diferan an Ajantin kote depi plizyè jou tout seleksyon an ap fete. Aprè seremoni avan match fas Panama a (2-0), jwè Albiceleste yo kontinye pwofite de twazyèm tit yo an.

Lionel Messi ki se eleman ki t ap mennen seleksyon Ajantin lan pandan mondyal Kata a, pa sispann resevwa omaj kote, aprè viktwa sa, estati li an pral konsève nan mize Conmebol la ki genyen deja ladan l lejann Pelé ak Maradona, de nan pi gwo jwè istwa foutbòl sid-ameriken an.

Sou kont Instagram li, atakan ajanten an remèsye Conmebol la pou gran omaj sa kote tout seleksyon Ajantin lan kanpe dèyè do l. Nan menm liy sa, Federasyon Ajantin foutbòl la (AFA), rebatize sant antrènman Albiceleste an ki pote pou kounya non «Lionel Andrés Messi ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.