Ayiti san lè paka resevwa transfè lajan ankò, daprè ekonomis Eddy Labossière 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ayiti san lè paka resevwa transfè lajan ankò, daprè ekonomis eddy labossière 

Ekonomis Eddy Labossière fè konnen gen anpil chans pou Ayiti paka resevwa transfè lajan ankò akòz Bank Repiblik d Ayiti (BRH, nan sig fransè) repòte aplikasyon sikilè 114-3 li te dwe fè a. 

Ayiti san lè deyò nan sistèm finansye entènasyonal la, epi transfè pa p ka rantre nan peyi a, se avètisman ekonomis lan bay, li deklare Gwoup Aksyon Finansyè (GAFI) ap sanksyone teritwa ayisyen poutèt sa.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bank santral te anonse, nan yon avi nan dat 2 septanm pase a, li repòte aplikasyon 114-3 yo te dwe fè a pou 3 Oktòb 2022 aprè divès konsiltasyon avèk pati ki konsène yo. 

Nan yon konferans nan dat 22 dawout pase a, n ap raple BRH te anonse nouvo sikilè sila ki t ap pèmèt yo konbat espekilasyon, goud la k ap pèdi valè, enflasyon an, epi absans transparans ki genyen nan mache chanj yo, jan GAFI vle sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.