Liz Truss ranplase Boris Johnson kòm Premye minis Britanik 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : Alexopoulos/LNP/Shutters/SIPA

Aprè eskandal ki te fòse Boris Johnson kite pòs li nan mwa ki sot pase an, Liz Truss ki gen 47 lane, jwenn benediksyon Rèn Elizabeth pou vini nouvo Premye minis Britanik. 

Rèn Elizabeth nonmen jounen madi 6 septanm lan nan pòs Premye minis britanik, aprè demisyon Boris Johnson, pou li kapab vin mennen bak Wayom Ini avèk misyon prensipal pou sòti peyi an nan kriz li ye aktyèlman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lizz Truss, 47 lane, vini katriyèm minis konsèvatè Wayom Ini konnen sou 6 dènye ane yo. Jounen madi 6 septanm lan, minis afè etranje a te rann li nan peyi Ekòs, lakay rèn lan, pou te kapab pran fonksyon ofisyèlman kòm nouvo Premye minis britanik. 

“Rèn lan resevwa nan jodia, nan yon odyans, trè onorab Elizabeth Truss e mande l pou fòme yon nouvo administrasyon », deklare nan yon kominike palè Buckingham lan. 

Aprè Margareth Thatcher ak Theresa May, Lizz Truss vini twazyèm fanm ki rive okipe fonksyon premye minis Britanik. Sou gouvènman Boris Johnson lan, Lizz Truss te nan pòs minis afè etranje. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.