Ayiti-Sekirite: Lapolis mete lapat sou 3 bandi,nan Yon operasyon

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon operasyon lapolis nan mennen nan vil mibalè jounen jodi lendi 18 janvye 2021 an, yo rive mete lapat sou 3 bandi ki gen kèk tan ki t ap feraye, nan seksyon gaskòy .

Richecatde Dort, ki genyen 24 lane, Jeudy Jean Junior, ki gen 38 lane, selon enfòmasyon ki fè kwè li se yon depòte ak Charles Philistin ki gen 22 lane, selon enfòmasyon bandi sa yo fè konnen yo se manm gwoup gang 400 mawozo k ap taye banda nan komin kwadèboukè depi kèk tan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sete 5 bandi ki te nan kay kote lapolis te debake a, men gen 2 nan yo kite gentan chape pou l yo.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article