Ayiti swete ranfòse koperasyon l ak peyi Vyetnam 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayiti swete ranfòse koperasyon l ak peyi vyetnam 

Nan kad yon vizit travay ki demare depi 22 novanm e k ap gen pou pran fen madi k ap 29, Direktè jeneral Ministè ayisyen afè etranjè a, Azad Pierre Nasser Belfort, fè konnen gouvènman ayisyen an swete ranfòse relasyon Ayiti ak peyi Vyetnam. 

Nan yon reyinyon avèk vis minis vyetnamyen afè etranjè a, Ha Kim Ngoc, Direktè jeneral MAE a ki twouve l nan peyi Vyetnam eksprime volonte gouvènman ayisyen an pou ranfòse koperasyon 2 peyi yo, sitou nan domèn telekominikasyon ak agrikilti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vis minis vyetnamyen afè etranjè a souliye kèk pwen ki te diskite ant de pati yo nan kad reyinyon sa tankou envestisman, koperasyon teknik ak fòmasyon pou antrepriz nan domèn agrikilti, lapèch ak elvaj. 

Daprè Ha Kim Ngoc, vizit wo fonksyonè ayisyen sa nan peyi Vyetnam lan se yon okazyon enpòtan pou rewè ak akselere dinamik koperasyon ant 2 peyi yo. Depi aprè pandemi Covid-19 la, Azad Pierre Nasser Belfort se premye gwo responsab nan Leta a ki vizite Vyetnam. 

Konpayi telefòn mobil Natcom fè pati de koperasyon ki egziste ant 2 peyi yo kote antrepriz miltinasyonal Viettel Group, yon filyal lame Vyetnam gen 60% épi 40% aksyon pou Leta ayisyen. Responsab 2 peyi yo te egalman diskite sou fason yo kapab kreye bon jan kondisyon pou konpayi an fonksyone. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.