Bandi ak zam atake Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè nan Damien

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
bandi ak zam atake fakilte agwonomi ak medsin veterinè nan damien

Ayè samdi 18 mas 2023 a, bandi ak zam te atake lokal fakilte agwonomi ak medsin veterinè nan Damien. Yo pran yon machin blan Toyota Landcruiser, se sa responsab yo enfòme, ki mande sekou nan men otorite lapolis yo.

Jocelyn Louissaint, Dwayen FAMV nan yon nòt fè konnen, Dekana Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè (FAMV) enfòme popilasyon an ak Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) bandi ki gen gwo zam te antre nan lokal antite fakilte sa a nan Damien, samdi 18 mas 2023 sa a ozalantou 11:00 AM epi yo te pran yon Toyota Landcruiser blan ki anrejistre nan nimewo: SE 06165.

FAMV, atravè nòt sila, mande sipò enstitisyon polisyè Ayisyèn nan, yon fason pou retabli lòd nan zòn nan epi garanti yon klima estabilite nan vwazinaj fakilte a pou asire etidyan yo, pwofesè ak anplwaye enstitisyon an.

Li enpòtan pou nou note, ensekirite ki gen nan peyi a gen konsekans grav sou etidyan yo sitou sa ki nan inivèsite nan Kapital la, kote yo ap fè fas ak gwo obstak nan travay yo, ak rechèch yo. Inivèsite yo an Ayiti gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan bay yon anviwonman ki an sekirite pou inivèsitè yo, tout pandan y ap jwenn sipò sosyete Ayisyèn nan an antye pou reyalize travay sila a.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.