Fas Udinese nan defèt (1-3) AC Milan an, Zlatan Ibrahimovic vini jwè ki pi granmoun ki fè yon gòl nan chanpyona Itali an aprè pennalite sa li reyisi ayè samdi an avèk 41 lane li an.
Atakan swedwa a ki te titilè nan pwent atak Rossoneri yo, rantre nan istwa Serie A kòm jwè ki pi granmoun ki fè yon gòl nan konpetisyon sa a 41 lane 166 jou. Zlatan Ibrahimović depase Alessandro Costacurta,
Malgre laj defèt yo ayè samdi an nan okazyon 27èm jounen chanpyona Itali an, Zlatan Ibrahimović ki ta egalize (1-1) pou Rossoneri yo nan tan adisyonèl premye mitan an enskri non l nan istwa Serie A a.
Jeyan atakan swedwa ki ta pral sòti nan 15 dènye match sa yo pèdi fas Udinese an, rekòmanse jwe sa pa gen lontan aprè yon long peryòd blese. Zlatan Ibrahimović k ap pran laj, nan lis seleksyon Laswèd lan pou pwochen match eliminatwa Euro 2024 yo.
Facebook Comments