Bandi ak zam kidnape chèf pwotokòl Palè nasyonal la

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
bandi ak zam kidnape chèf pwotokòl palè nasyonal la

Ayè dimanch 19 fevriye 2023 a nan maten, bandi ak gwo zam fann fwa kidnape chèf pwotokòl Palè nasyonal la, Marc Marie Yves Mazile, nan zòn Delma 31. Li te abò machin li nan moman zak la.  

Marc Marie Yves Mazile se yon fonksyonè k ap travay lontan nan administrasyon piblik la. Li travay kòm chèf pwotokòl Palè nasyonal sou plizyè prezidan deja. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si zak la konfime nan aswè pa bò kote laprès, pwòch fanmi viktim nan rapòte kriminèl yo mete lapat sou responsab la nan moman li te fin al depoze madanm li legliz ayè dimanch maten. Yo kidnape l ak tout chofè li, se sa nou aprann.  

Fanmi an deklare kidnapè yo deja antre an kontak ak yo, Marc Marie Yves Mazile vivan, yo kenbe l an otaj nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, zòn Gran Ravin. Dènye nouvèl yo pa t rapòte ekzijans otè zak yo ak kantite kòb yo mande pou liberasyon 2 mesye yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.