Atakan entènasyonal ayisyen an ki pa t pote koulè seleksyon nasyonal la depi aprè Gold Cup 2021 an, nan lis 31 jwè Jean-Jacques Pierre mete deyò samdi 18 fevriye a ki pral gen pou jwe pwochen match Lig nasyon yo.
Duckens Nazon k ap jwe trè byen nan Parva Liga a avèk CSKA Sofia sezon sa, fè pati 31 jwè preseleksyone yo ki pral gen pou jwe de dènye match Lig Nasyon yo nan fen mwa mas k ap vini la kont Monsera ak Bèmid.
Federasyon ayisyèn foutbòl la ki t ap prezante prelis sa sou rezo sosyal yo nan sware samdi 18 fevriye a, anonse antrenè seleksyon an, Jean-Jacques Pierre, ap gen pou kominike nan kòmansman mwa mas la lis definitif ki pral gen pou jwe de dènye match yo k ap gen pou fèt 25 epi 28 mas.
Aprè anviwon dezan pase deyò ekip nasyonal la, Duckens Nazon ki se meyè bitè seleksyon an pami jwè k ap jwe toujou yo avèk 26 gòl, sou wout pou fè gran retou li nan seleksyon an aprè tout pale anpil ki te genyen ant li menm ak antrenè an aprè Gold Cup 2021 an.
Akote retou Duckens Nazon an, prelis Jean-Jacques an fèt san prèske okenn sipriz, avèk yon seri jwè ki abitye pote koulè seleksyon an tankou kapitèn ekip la Johny Placide, Ricardo Adé, Bryan Alcéus, Frantzdy Pierrot, Donald Guerrier, elatriye…
N ap mansyone prezans jwè FC Metz la, Danley Jean Jacques, k ap jwe trè byen nan dezyèm divizyon chanpyona fransè an ki nan prelis sa. Menm jan pou jèn defansè SC Cholet a, Martin Expérience, ki egalman pami jwè preseleksyone yo.
Facebook Comments