Byen ta nan aswè madi 27 septanm 2022 a, endividi ak zam antre kay yon ajan BLTS, anpil moun konnen sou non “Kouki”, yo mete dife lakay ajan an epi yo kidnape plizyè manm nan fanmi l, aksyon an pase Nan yon lokalite ki rele “Ti twoupo”. Selon plizyè sous lokal.
Pou kouwèl ye la a, poko gen okenn reyaksyon ki fèt alantou ensidan sa a, pou yo ka idantifye lotè zak sila a. kèk abitan lonje dwèt jouda yo byen long sou manm kriminèl Vitelom yo, kòm gwoup bandi ki ta kache dèyè krim sa a, toutfwa ravisè yo poko egzije okenn ranson.
Si nap sonje, Minis Afè Etranjè a, Jean-Victor Généus te deklare, pandan entèvansyon li nan Òganizasyon Nasyon Zini an, “Tout bagay sou kontwòl”, yon deklarasyon ki te chofe rezo sosyal yo.
Dènye zak malonèt sa a fèt kont yon ofisye kap mete lòd epi fè respekte lalwa, se prèv ki montre ak klè, Minis Afè Etranjè a inyore sitiyasyon aktyèl peyi a devan ONU, ni lapolis, ni gouvènman an pa gen okenn kontwòl ni lanvè, ni landwat peyi a