Bandi Gran Ravin atake Kafoufèy, yon elèv mouri ak plizyè moun blese

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
bandi gran ravin atake kafoufèy, yon elèv mouri ak plizyè moun blese

Bandi ak zam ki soti nan zòn « Gran Ravin » atake yon lòt fwa ankò katye Kafoufèy aprèmidi 24 me 2023 a. Kòm rezilta, yon ti gason ki t ap sot lekol mouri aprè li ta resevwa yon bal eskiz. Plizyè abitan nan katye a blese anba bal, daprè eleman enfòmasyon ki disponib yo.

Manm gang Ti Lapli ak Bougòy yo k ap dirije zòn « Gran Ravin » kontinye ogmante atak malonèt yo kont moun ki abite Kafoufèy yo. Jodi mèkredi a, yo te eseye anvayi kèk katye tankou Karidad, Foucha ak Wout Dal, pou n site sa yo sèlman. Yon ti bonnonm ki abite nan zòn lan, ki t ap sot lekòl, pèdi lavi l aprè li ta resevwa yon bal mawon. Kò viktim lan te pran benyen nan san li pandan plizyè minit.

Plizyè moun blese. Menmsi chif yo poko disponib, men yo konnen gen yon moun ki mouri, ki se yon timoun ki t ap soti lekòl. Lòt paran ki aprann nouvèl la te toutswit al chèche pitit yo lekòl pou evite plis moun mouri nan sans sa.

Plizyè rezidan kouri kite katye yo pou evite viktim paske malfra Gran Ravin yo pa ezite tire nan tout direksyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.