Bandi Kanaran atake epi pran kontwòl prizon sivil fanm yo nan komin Kabarè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi kanaran atake epi pran kontwòl prizon sivil fanm yo nan komin kabarè

Nouvèl la fè gwo bri nan tout jounal ak rezo sosyal yo. Bandi ak zam k ap opere nan katye Kanaran pran kontwòl prizon sivil fanm yo nan Kabarè jodi madi 30 janvye 2024 la.

Komin Kabarè, ki depi kèk tan anba kontwòl gang, pa sispann sibi dega ak zak malonèt bandi ak zam ap fè nan divès rakwen nan espas sa. Pandan aprè midi 30 janvye sa, bandi ak zam yo idantifye kòm manm gwoup gang Kanaran atake epi pran kontwòl gran prizon sivil fanm yo nan zòn sa. Daprè enfòmasyon laprès lokal yo releye, polisye ki te sou plas yo te oblije kouri epi abandone pòs yo fas ak presyon brital bandi yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malfra yo piye mezi materyèl ki te andedan espas la tankou : batri, pano solè, chèz, akseswa elektrik ak lòt materyèl enpòtan ki te itil prizon an.

Depi nan ane 2023 ki sot pase a, vyolans sou batiman polisye yo ak materyèl PNH yo te deja ap repete nan katye sa. Nan dat 28 jiyè ane ki sot pase a, omwen 2 machin blennde lapolis te gaspiye anba flanm dife bandi nan komin sa. Nan menm ane nou site a, espesyalman nan mwa jen, yon gwo atak te lakoz tout prizonye yo nan prizon sa te evade.

Atak kont prizon an Ayiti se pa dosye ki etranj, se prèske chak ane youn oubyen 2 ka konsa prezante.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.