Gwoup ame yo nan peyi a pa sispann fè lalwa. Nan lannwit 30 novanm pou rantre premye desanm, endividi ak zam nan Latibonit kidnape epi vyole plizyè fanm ki te nan plizyè bis ki fè trajè Pòtoprens/Latibonit.
Daprè Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo (APCH), viktim yo te twouve yo nan twa bis ki asire trajè Gonayiv/Pòtoprens, Senmak/Pòtoprens nan moman bandi ak zam nan Lyankou kidnape epi vyole yo.
Sendika transpò a, APCH, pa presize kantite fanm ki te nan twa bis sa yo nan moman anlèvman sa ak konbyen egzakteman ki viktim vyolans seksyèl endividi ame sa yo ki ap opere nan Lyankou.
Depi kèk tan, nou ap asiste ak yon remonte ka kidnapin yo nan divès kwen nan peyi a, prensipalman rejyon metwopolitèn lan. Pandan semèn sa, plizyè ka resanse nan plizyè kwen kapital la kote gen nan yo ki fèt gwo jounen.
Malgre remonte fenomèn sa nan peyi a dènye jou sa yo, otorite nan Lapolis yo toujou gen difikilte pou mete yon fen ak fenomèn sa ki pa sispann mete dlo nan je fanmi yo chak jou pi plis.