Whenchel Chery Ribel Jeanty, ki se etidyan nan Inivèsite Leta a tonbe anba men kidnapè dimanch 26 fevriye ki sot pase a, nan Dèlma, pandan l t ap rantre lakay li, daprè sa sous pwòch li fè konnen.
Jèn gason sa k ap etidye nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) epi INAGHEI nan Inivèsite Leta a, rantre nan long lis sa ki genyen yon pakèt manm kominote inivèsitè a ki viktim ensekirite an k ap taye banda nan tout kwen nan peyi an.
Endividi moun pa rive idantifye kidnape etidyan sa nan aprèmidi dimanch 26 fevriye an, kote yo ta deja rantre an kontak ak fanmi an pou egzije gwo sòm lajan kont liberasyon l.
Fanmi an ki pa konn ki sen pou yo rele, lanse yon apèl ak bon konprann epi bon fwa kidnapè yo pou libere etidyan an ki abite Kafou, men akoz ensekirite Matisan an, oblije, li menm ak 2 lòt frè l, desann kay yon pwòch pou kapab kontinye etidye.
Fanmi an ki di yo pa gen yon goud, mande liberasyon Whenchel Chery Ribel prese prese epi san kondisyon. Daprè SOS lan, etidyan an sòti nan yon fanmi k ap bat dlo pou fè bè, k ap viv an pwovens e ki voye pitit yo vin etidye Pòtoprens.
Facebook Comments