Yon delegasyon CARICOM rankontre PM Ariel Henry ak lòt aktè nan peyi a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon delegasyon caricom rankontre pm ariel henry ak lòt aktè nan peyi a

Yon delegasyon Kominote Karayib (CARICOM) la ki te dirije pa Premye Minis Jamayiken an, Andrew Holness te vizite Ayiti ayè lendi 27 fevriye 2023 a, nan kad yon misyon espesyal.

Vrèman vre, Aktè nan gouvènman an, politik, biznis ak sosyete sivil yo te konsilte pa reprezantan òganizasyon rejyonal la. Pou kòmanse seri rankont sa a, delegasyon an te diskite ak Premye Minis Ariel Henry akonpaye pa kèk manm kabinè ministeryèl li a, nan Rezidans ofisyèl Chèf gouvènman an, nan Miso (Musseau)

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou chèf delegasyon CARICOM la, Premye Minis Jamayik la, Andrew Holness reyafime volonte òganizasyon an pou sipòte pèp ayisyen an e travay pou retounen nan demokrasi a.

Bò kote pa l, Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry fè konnen rankont sa, se te yon rankont fwitye, tout pandan newochirijyen an te kontinye pou l di pandan rankont sa, yo te mete aksan sou nesesite ijan pou konbat ensekirite a, ki se premye enkyetid pèp ayisyen an e yon kondisyon esansyèl pou eleksyon kapab òganize nan peyi a.

N ap note, delegasyon CARICOM nan prevwa rekontre ak manm Wo Konsèy Tranzisyon an, Wo kòmandman Lapolis Nasyonal d Ayiti a, òganizasyon sosyete sivil la ak sektè prive a tou, nan lide pou jwenn yon solisyon ak kriz sa peyi a ap travèse a depi yon bon bout tan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.