Bandi kidnape yon machann ji epi mande gwo kòb pou yo pa touye l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi kidnape yon machann ji epi mande gwo kòb pou yo pa touye l

Bandi ak zam yo pa idantifye kidnape ayè lendi 26 fevriye a yon machann ji natirèl anpil moun konnen sou non Chantal. Avèk anpil presyon, endividi yo egzije yon sòm lajan tèt chaje pou libere viktim lan.

Daprè enfòmasyon yo, viktim nan, Chantale, ap vann ji nan yon espas sou wout avni Monseigneur Guilloux a. Nan moman zak la, viktim nan te pou kont li nan espas la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bandi yo egzije yon montan 300 mil dola ameriken pou libere otaj la. Fanmi Chantale ki lage 2 bwa pandje, avwe yo pa gen montan sa menm an miyèt mòso pou ta bay kidnapè san fwa ni lwa yo, paske yo pa nan aktivite.

Pou moman yo, bandi yo ap bay fanmi Chantale gwo prezyon, zanmi ak fanmi Chantale sipliye gwoup bandi ak zam ki komèt zak sila pou yo fè Chantale gras, paske fanmi an pa gen tout kòb sa yo mande a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.