Bandi nan Maryani mete dife sou yon lòt machin PNH, fwa sa se yon Bouldozè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi nan maryani mete dife sou yon lòt machin pnh, fwa sa se yon bouldozè

Bandi ak zam k ap simen latwoublay nan zòn Maryani mete dife nan yon bouldozè lapolis jodi samdi 23 desanm 2023 a. Enfòmasyon an konfime aprè yon videyo veyikil la ki te pran sikile kou pate cho sou rezo sosyal yo.

Pou fen ane sa, divès konpatriyòt mete sou popilasyon Maryani an pase yon fèt nan kouri ak dlo nan je, anplis pwoblèm politik peyi a ap fè fas, zafè ensekirite a se men nan gòj. Jounen samdi 23 desanm lan, bandi nan Maryani pase kòlè yo sou yon bouldozè PNH, nan kad operasyon lapolis ap mennen pou derasinen bandi san fwa ni lwa sa yo nan katye sila ki chita ant Kafou ak Gresye.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon sous nou yo konfye nou, pou yo te reyisi kou sa, bandi yo te itilize yon “Kòktèl molotòv”.

Sa fè yon total 3 ekipman Polis Nasyonal Dayiti a, manm gang Mariani yo boule nan espas twa semèn. Anvan sa, yo te deja touye yon polisye ki se Mackenson Jean François nan dat ki te 30 novanm 2023 a, toujou nan kad operasyon sa.

Si sitiyasyon an rete konsa san pi bon mezi ak entèvansyon serye gouvènman Ariel Henry a ak pi wo nivo lapolis la ki gen nan tèt li Frantz Elbé, anplis materyèl PNH yo k ap kontinye fè dap piyanp anba men bandi sa yo nan peyi a, moun pa p sispann viktim pasi pala.

Nou ta dwe mansyone tou, bandi yo mete dife nan machin lou sa, aprè 3 jou depi lapolis te lanse yon plan sekirite konplè atravè peyi a pou jou ferye yo pandan fen ane sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.