Bandi nan Ti Bwa pran kontwòl baz UDMO nan Matissan 23 epi yo sezi yon blende 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
bandi nan ti bwa pran kontwòl baz udmo nan matissan 23 epi yo sezi yon blende 

Gang « Kris La » atake nan mitan lannwit 12 oktòb 2022 sou komisarya polis  ki chita nan Leclerc nan zone Matisan 23, kote  kèk ajan nan Inite Depatmantal pou Kenbe Lòd la (UDMO) te afekte. Pòtpawòl PNH la, Gary Desrosiers, di malfra yo sezi yon machin blende ak plizyè zam otomatik. 

Enspektè Divizyonè a fè konnen pandan atak sa, bandi yo pran plizyè materyèl  pou PNH la, pami yo yon blende, enspektè divizyonè a presize pou kounya materyèl sa yo toujou nan men bandi sa yo, ki te fè atak sa ayè Mèkredi 12 Oktòb 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, Garry Desrosiers di pa gen okenn blese  oswa lanmò ki te anrejistre pandan atak sa a, yon atak dapre pòtpawòl lapolis la, ki se yo ensidan grav anpil. 

Se sak fè,  li mande pou tout popilasyon Ayisyen an kolabore ak PNH la pou ede enstitisyon an jwenn machin blende sa a ak lòt materyèl yo, bandi  ak zam ki nan gwoup gang « Kris la » te sezi nan lanwit 12 oktòb la. Garry Desrosiers te tou pwofite enfòme popilasyon sou yon ankèt  ki deja louvri sou atak sila.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.