Lis viktim yo kontinye ap ogmante nan antre Nò kapital la, kote depi ane pase bandi ki sòti Kanaran ak Vilaj de Dye kenbe popilasyon an ak zòn sila an otaj. Chak jou ki pase se pa de viktim ki pa resanse nan kèk komin tankou Kabarè ak Akayè.
Bandi Kanaran ki ale mennen operasyon nan zòn Sous Matla touye plizyè moun epi mete dife sou yo nan zòn Kabarè, pi patikilyèman nan zòn Sous Matla, kote pi fò moun blije bay zòn nan pou yo pa viktim anba gang yo.
Yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo menm montre plizyè jenn gason ak gwo zam fann fwa nan men yo k ap akonpaye 2 moun – yon jenn gason men l mare ak yon fanm aje – pou y al ekzekite yo. Plizyè sous rapòte yo se manman ak pitit, bandi touye yo an rezon konfli yo genyen ak moun zòn nan ki pa vle yo tabli kò yo sou teritwa a.
Imaj ekzekisyon an choke anpil moun, e malfektè yo poze zak la san okenn kè sote. Men se pa premye fwa y ap retire lavi moun konsa, paske bandi kanaran ak Vilaj yo abitye boule moun tou vivan.
Malgre alèt ki bay sou ensekirite a k ap devlope nan antre Nò kapital la, Leta ayisyen pa janm di anyen, men li pito chita ap tann yon entèvansyon kominote entènasyonal la ki pou vin retire l nan sitiyasyon sila k ap agrave chak jou pi plis.
Facebook Comments