Bandi Titanyen ki fè alyans ak Izo yo boule 2 cha pou Lapolis

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
bandi titanyen ki fè alyans ak izo yo boule 2 cha pou lapolis

Alòske Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ap pran konfyans nan batay kont ensekirite a, prensipalman nan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, nan antre nò kapital la se lòt koze. Bandi ki okipe teritwa sila ta rive boule 2 cha blennde pou enstitisyon polisyè a.

Nan yon videyo k ap fè virewon sou rezo sosyal yo, nou te ka wè imaj yon veyikil ki anba dife epi yon vwa ap adrese l ansanm avèk « Atis mafya a », nan referans ak Izo ki se chèf gang 5 Segond lan k ap opere nan Matisan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou rezo sosyal li, jounalis Theriel Thelus enfòme se pandan cha sila a t ap sot depoze yon gwoup polisye, bandi yo nan zòn Titanyen atake veyikil blennde a epi mete dife sou li. Nan 2 lòt ki te vin pote ranfò, gen youn ki tonbe an pàn, polisye yo te oblije abandone li, epi bandi yo boule l tou.

PNH la fè pèt sila kèk jou aprè li te fin ranfòse materyèl li yo avèk rive 4 nouvo cha blennde pami sa li te kòmande pa bò kote Kanada depi lane pase a. E n ap raple, se pa premye fwa bandi yo ki nan antre nò kapital la boule cha pou enstitisyon polisyè a.

Bandi yo fè atak sila alòske Polis Nasyonal d Ayiti te anonse l ranfòse prezans li nan zòn sila a, prensipalman nan zòn Kabarè ki gen ladan l prizon sivil fanm yo. Men malgre sa, sa pa anpeche polis la fè 2 lòt pèt ki koute plizyè milye dola vèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.