Bank yo an Ayiti limite kantite dola ameriken yon kliyan kapab retire

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bank yo an ayiti limite kantite dola ameriken yon kliyan kapab retire

Nan yon nòt piblik ki pote dat 26 avril 2023, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo (APB) anonse dispozisyon ki pran pou limite kantite lajan ameriken kach yon kliyan kapab retire akoz pa gen ase dola nan sistèm bankè ayisyen an.

Bank santral ki se sèl enstitisyon responsab pou fè biyè etranje rantre sou mache ayisyen an gen gwo difikilte pou rezoud rate dola ki genyen nan sistèm finansye ayisyen an daprè Asosyasyon pwofesyonèl bank yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou fè fas ak sitiyasyon sa ki deja transfòme an kriz, enstitisyon finansye yo pran dispozisyon pou limite nan kantite lajan ameriken kach ki kapab retire nan sikisal yo malgre fristrasyon kliyan yo pa sispann afiche depi kèk tan.

Toutfwa, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo presize kliyan yo kapab kontinye fè depo lajan ameriken nan divès sikisal yo menm pandan peryòd kriz sa annatandan gen yon kantite dola konsiderab ki disponib sou mache a.

Pou fè fas ak sitiyasyon sa, APB ankouraje divès lòt mwayen tranzaksyon ki p ap nesesite lajan kach, tankou : chèk direksyon ak chèk ki tire sou lòt peyi, virman, transfè sou lòt peyi, san konte mwayen pèman elektwonik yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.