Barcelone fas Manchester United, kiyès k ap kite League Europa a ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
barcelone fas manchester united, kiyès k ap kite league europa a

Rankont ant Barcelone ak Manchester United nan Camp Nou (2-2) jedi pase a montre nivo tou 2 ekip yo, malgre polemik aprè match la. Jodi jedi a nan Old Trafford la, 2 ekip yo pral livre yon lòt batay san parèy pou yon plas nan League Europa a.

Barcelone fas Manchester United, yon chòk nan C3 a aprè match ale a ki te fini 2-2, se te yon match referans pou 2 ekip yo. Sa ki montre fanatik foutbòl yo kapab atann yo ak yon gwo match jodi a nan Old Trafford la. Yon dezyèm konfwontasyon ki pral deside sò 2 ekip yo nan konpetisyon an. Gwo kesyon an se : kiyês nan 2 gwo ekip sa kap kite League Europa ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Bò kote Reds Devils yo, Erik Ten Hag ap kapab konte sou ekip li a k ap byen konpòte l nan Premier League la, koyekipye Marcus Rashford yo 3zyèm nan chanpyona a ak 3 pwen an mwens Citizens yo ki dezyèm nan do Arsenal.

Yon lòt bò Catalan yo ap rive nan Old Trafford la san Dembélé, Gavi ak Pedri. Ekip Xavi a k ap taye banda nan tèt klasman Liga a devan Real Madrid, pral chache kalifikasyon l fas Reds Devils yo. Ki pa pa fasil, paske match ale a te fini 2-2. Tou 2 ekip yo bezwen konfime fòm yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive