Barcelone riske pa jwe Champions League sezon kap vini pou zafe koripsyon

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
barcelone riske pa jwe champions league sezon kap vini pou zafe koripsyon

UEFA ouvè yon ankèt sou ekip Barcelone nan pou zafè koripsyon klèb la ta genyen ak abit nan Liga, espesyalman dosye Negreira, yon ansyen abit profesyonèl. Bareclone te bay plizyè milyon ewo pendan plizyè sezon. Pou UEFA, Catalan yo, ta sanble vyole kèk prensip ki gen pou wè ak jiridiksyon UEFA.

Aprè lajitis nan peyi Espay te mete pye l nan dosye koripsyon Barcelone ta enplike l ak Negreira, ansyen vis prezidan ki te konn jere abit yo nan peyi Espay, jodi jedi a se UEFA ki antre kò l nan dosye a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jodi jedi an, UEFA fè konnen nan yon kominike, gen yon ankèt ki ouvè sou dosye Negreira. Desizyon sa vini daprè atik 31.4 nan kòd etik disiplim pi gwo enstans kap jere foutbòl ewopeyen an. Sa ki ta fè konprann, FC Barcelone ta vyole kèk règ ki lye ak jiridiksyon UEFA.

Sanksyon yo kapab grav pou Barcelone nan dosye sa, kote UEFA ka deside aprè ankèt la, pou mete deyò klèb Catalan nan Champions League, sezon 2023-2024 epi klèb la ap gen pou l peye anpil kòb.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive