Plizyè manm nan popilasyon an nan zòn Lyankou, depatman Latibonit, pote kole pou rann nouvo polisye ki afekte nan komisarya komin sila pi konfòtab nan kad travay yo. Depi aprè gang Gran Grif la te fin pran zòn sila sou kontwòl li, prezans lapolis pat reyèlman konstate la a.
Swit ak afektasyon plizyè polisye nan komisarya Lyankou a, plizyè moun deside kolabore pou rann ajan sila yo pi alèz ak an sekirite. Konsa, sou demann nouvo polisye yo, kèk sitwayen te louvri san pran tan yon chantye pou modifye espas la. Konsa, yo monte kloti komisarya Lyankou a pi wo, san konte polisye yo te mande pou gen yon espas anplis ki bati anlè lokal la pou yo sa repoze yo pi byen.
N ap raple, se pa premye fwa popilasyon an nan depatman Latibonit deside pote kout men ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou ede yo nan misyon yo ki se « pwoteje ak sèvi » popilasyon an. Mwa janvye pase, nan okazyon inogirasyon sou-komisarya Dezam nan, nan menm depatman an, divès manb nan sosyete sivil la te bay lapolis 2 dwòn pou yo ka mennen operasyon pi byen kont bandi yo k ap opere nan lokalite sila ki chita kò l nan zòn Verèt.
Si anpil moun aplodi jès sila ki pwouve popilasyon sivil la nan Latibonit swaf lapè ak serenite, toutfwa yo espere modifikasyon ak amelyorasyon espas sila ki abrite komisarya Lyankou a ap reponn ak bezwen polisye yo pou yo ka remèt pi bon rezilta nan lit y ap mennen kont ensekirite a nan Latibonit.
Facebook Comments