Aprè Sadio Mané te fin tire kou sou Leroy Sané aprè defèt Bayern fas Manchester City 3-0, nan kad kadefinal Champions League la madi pase. Dirijan Bayern deside sanksyone ansyen jwè Liverpool la, pou yon match pou move konpòtman.
Viktwa ekip City a sou Bayern Munich (3-0) nan kadefinal ale Champions League la, te rive mete gwo pwoblèm nan vestyè bavarois yo, kote Senegalè a, Sadio Mané te rive mete men ak Almann, Leroy Sané aprè rankont lan. Yon konpòtman dirijan Bayern yo pa tolere, nan sans sa, yo sanksyone Sadio Mané pou match fas ekip Hoffenheim la nan Bundesliga.
Men sa kominike klèb la fè konnen : « Sadio Mané, 31 lane, pa nan ekip k ap jwe nan Allianz Arena samedi fas Hoffenheim la. Desizyon sa vini aprè move konpòtman li te genyen aprè match Champions League la fas Manchester City. Mané gen yon amand pou l peye tou. »
Dirijan klèb yo, Hasan Salihamidzic (direktè espòtif), Oliver Kahn (prezidan) te konvoke Sadio Mané pou l bay esplikasyon sou jès li yo, avan menm yo te sanksyone l.
Facebook Comments