Nan dat ki te 8 mas 2023 a, Jean Belony Murat, ki gen non atis li » Atis Belo » sòti yon lòt vèsyon albòm Lakou Trankil la, ki fè chimen l an Ayiti ak nan entènasyonal la, depi nan lane 2005, epi ki te pèmèt atis la rantre nan kè tout moun ki konn gou bouch yo nan koze bon ak bèl mizik.
Plis pase 10 lane aprè, Belo chwazi 10 fanm ki pa twò popilè nan endistri mizikal Ayisyen an, pou chante tout mizik yo ki sou albòm sa ki pote non Fanm Lakou Trankil, epi sòti l nan okazyon jounen entènasyonal dwa fanm yo.
Nouvo projè sa ki fèt 18 lane aprè sòti albòm orijinal la . Daprè Belo ki te sipèvize anrejistreman ak prodiksyon pwojè sa nan okazyon anivèse albòm lan, objektif la se pa sèlman pou vann albòm li an, men pito pou pèmèt piblik la dekouvri kapasite atis fanm yo epi ba yo plas yo merite nan milye mizikal ayisyèn lan.
Shoomy, Queen Bee, Alexa, Slooze, Wiliadel Denervil, Francheez, Sherlee Skai, Talaina Lindor, Mide, Talie Cerin se atis sa yo k ap gen pou depoze vwa yo sou albòm revizite sa a. Daprè kominike pou laprès la, chantez sa yo chwazi pou talan yo, orijinalite yo, san nou pa bliye angajman yo pou fè promosyon pou mizik lakay. Menm pochèt albòm sila se travay yon lòt atis fanm ki rele Christina Shutt.
Nan sans sa a, NetAlKole media te fè yon chita pale ak atis la pou konnen plis detay sou nouvo vèsyon albòm nan, objektif li ak pwojè l ap mennen dèyè l.
Facebook Comments