Bayern pa p ka konte sou Choupo-Moting pou chòk fas Manchester City an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
bayern pa p ka konte sou choupo moting pou chòk fas manchester city an

Yon jou avan retou Lig dè Chanpyon an, Bayern Munich anonse jodi lendi an atakan kamewounè an, Eric Maxim Choupo-Moting, pa p prezan nan match ale kadefinal fas Manchester City an akoz yon blese nan jenou.

Bayern Munich k ap deplase ale an Angletè pou kapab jwe demen madi an nan Etihad Stadium lan fas Sky Blues yo, pa p kapab konte sou atakan yo ki pa fè vwayaj la pou yon pwoblèm atikilasyon nan jenou l daprè sa klèb alman an fè konnen sou Twitter.

Yon move nouvèl pou bavawa yo ki pa p gen sèvis atakan kamewounè yo an ki reyisi enpoze l kòm yon titilè nan atak Bayern Munich lan depi aprè Robert Lewandowski ale an. Pou sezon sa, Choupo-Moting deja enskri 4 gòl nan Lig dè Chanpyon an pou 6 match li jwe.

Fas ak sitiyasyon sa, nouvo antrenè Bayern Munich lan, Thomas Tuchel, pral gen pou chwazi ant atakan senegalè an, Sadio Mané oubyen Thomas Müller pou mete nan pwent atak la pou match sa k ap gen pou jwe demen madi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.