Ariel Henry kontinye pwomèt l ap tabli sekirite nan peyi a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ariel henry kontinye pwomèt l ap tabli sekirite nan peyi a

Ariel Henry enstale kòm Premye Minis an Ayiti depi 20 jiyè 2021. Depi lè newochirijyen an pran pouvwa a, li pwomèt pou l retabli yon klima sekirite an Ayiti, kote vyolans ak ensekirite ap ravaje sosyete Ayisyèn nan. Men sepandan, Lokatè Primati a kontinye ap fè pwomès pandan sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou k ap pase.

Vrèman vre, ayè dimanch 9 avril la, yon lòt fwa ankò, twa polisye te tonbe anba bal bandi ak zam nan peyi a k ap simaye latwoublay. Se sak fè, nan okazyon sa, premye Minis Ayisyen an, Doktè Ariel Henry deplore zak barbari sa yo, tout pandan li kontinye pou l prezante sensè kondoleyans li bay fanmi yo, epi zanmi polisye yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, lokatè Primati a, pwomèt limenm ak Gouvènman lan ap travay pou retabli yon klima sekirite nan peyi a, ki ap fè fas ak gwo enstabilite politik ak yon ogmantasyon vyolans nan dènye ane sa yo.

« Nou renouvle bay pèp Ayisyen an detèminasyon inebranlab nou, pou nou fè tout sa ki posib pou reyalize kreyasyon yon klima sekirite ak estabilite nan peyi a ki twò kraze, ki nan lapenn

« , ekri Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry sou Twitter.

Sepandan, li enpòtan pou nou note malgre tout pwomès Premye minis lan ap fè konsènan Sekirite nan peyi a, sitiyasyon an an Ayiti rete konplèks ak difisil, ak plizyè defi pou simonte pou retabli yon klima sekirite nan peyi a. Defi sa yo enkli povrete toupatou, koripsyon, tansyon politik, gang ame ak enstabilite ekonomik

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.