Biwo Monetizasyon pou Pwogram Asistans Devlopman (BMPAD) fè konnen ayè lendi 16 janvye 2023 a, gen 255,000 baril petwòl k ap debake jedi 19 janvye k ap vini la nan tèminal Thor ak Vare. Daprè BMPAD, nouvo kago sa a pral genyen 135,000 baril gazolin ak 120,000 baril dyezèl ladan l.
https://twitter.com/bmpadhaiti/status/1615050350104576001?s=20&t=FSJVFEX1QE69Tb1l9-oR5Q
Biwo Monetizasyon Pou Pwogram Asistans Devlopman nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitter di « 135,000 baril gazolin ak 120,000 baril dyezèl ta dwe rive jedi 19 janvye 2023 sa a nan tèminal Thor ak Vare »,
N ap raple Tèminal Vere te fè konnen semèn ki sot pase a, yo te chaje 488 Kamyon tank nan sant Petwòl WINECO a, 112 kamyon tank te chaje 9 janvye 2023 a, 99, 10 janvye a, 100, 11 janvye, 84, 12 janvye ak 93 tank te chaje nan dat ki te 13 janvye 2023 a, alòske rate gaz la kontinye ap vale teren nan plizyè ponp nan peyi a, espesyalman nan Kapital la a.

