Boston Celtics kraze Dallas Mavericks  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
boston celtics kraze dallas mavericks (1)

Lidè konferans Ès la malmennen ekip Dallas la (124-95), nan lannwit jedi a, Luka Doncic ki gen yon bèl estatitik depi lè sezon an kòmanse pat rive fè gwo bagay pou Dallas ak 23 pwen li make nan match la. Kandida menm jan ak Doncic, Jayson Tatum montre li se patron ekip Boston an, li reyisi yon triple-double (29 pwen, 14 rebon, 10 pas) 

Aprè 27 viktwa nan 39 rankont, Boston ap domine konferans Ès la, aprè defèt Dallas la, li okipe 4triyèm plas nan konferans Wès la. Fas ak yon ekip Boston ki fè pase balon an byen, yon travay y ap fè depi lè sezon an kòmanse, rive kraze Ekip Luka Doncic la (124-95).  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ban Celtics la te reponn epi montre sezon sa yo pa nan jwèt. Yon lòt kote, slovèn nan fè 7 sou 23 tir li yo fas ak ekip Boston an, li pa fè youn nan tir 3 pwen li yo nan match sa. Yon jwè ki fè 34 pwen, 8,8 rebon epi 8,7 pas kòm mwayen pou sezon an. Jwè Boston yo te rive bare  Doncic, anpeche l bay gwo pèfòmans li konn afiche depi lè sezon an kòmanse. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive