Piti piti lapolis ap atake gang yo nan Kanaan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
piti piti lapolis ap atake gang yo nan kanaan 

Ane a chanje men ensekirite a toujou rete menm jan, sitou sou Wout nasyonal nimewo 1 an, nan nivo Kanaran kote depi kèk tan bandi ak zam okipe la lajan kontan, sitou depi aprè batay ki te genyen pou okipe Plenn nan ant bandi 400 Mawozo ak Chen Mechan an avril ane pase. 

Pou nouvèl ane a, lapolis deja mennen pou pi piti 2 atak kont gang Jeff la k ap opere Kanaran ak Jerizalèm, menm si genyen plizyè plizyè operasyon ki echwe la deja pou ane 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, fòs lòd yo atravè plizyè inite espesyalize nan PNH la tante penetre anndan Kanaran pou al demantle chèf gang Jeff, yo konnen l sou non sa, nan fyèf li, men pa genyen okenn pwogrè konsiderab ki rive fèt la jiskaprezan : bandi yo toujou kenbe yon bon pati nan Wout nasyonal la, se sa sous nou ka fè konfyans rapòte n. Toutfwa, pa bò kote pa li PNH la pako fè okenn anons sou rezo sosyal li yo sou sa. 

Kriminèl yo ki gen gwo zam fann fwa pou teworize popilasyon an menm rive jis zòn Bon Repo pou al fè presyon sou moun, tout sa malgre prezans lapolis nan zòn sa. 

Genyen enfòmasyon ki fè kwè chef gang Jeff ta anonse yon kanpe nan batay la epi libere wout Kanaran pou moun ki deside ale gran Nò peyi a, men anyen pa konfime, kidonk janbe Kanaran ret yon veritab eksplwa pou sila ki vle tante chans yo. 

N ap raple, gang Kanaran vin pi kriyèl depi aprè li fin jwenn bandi Vilaj de Dye yo ki vin ranfòse l swit ak kowalisyon Jeff ak chèf gang 5 Segond lan, Izo. Yo espesyalize nan kidnape, touye, rache ak boule moun, detounen ak fouye machin machandiz oubyen k ap transpòte moun k ap sòti oubyen rantre nan gran Nò a. Yo opere sou lanmè tou menm jan ak bandi Vilaj de Dye yo.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.